Aprann de plant nou yo
Tij gwo ten melanje ak fèy yo ede kwape grip ak nèvwozite. Si ou gen san ki kaye ou gonfle anba po ou lap jere sa. Ni te a, ni beny fèy gwo ten an bon. Si ou gen vètij oubyen tèt vire/tèt fè mal, ou fè yon te fèy sa a, ou ap soulaje rapidman, ou ka bouyi l e respire vapè a tou.
Li ede jere gaz, doulè vant ak pwoblèm dijesyon lè ou melanje li ak zèbaklou, ti po lay oubyen atiyayo. Toujou eseye mete sèlman 7 fèy pou yon lit dlo. Fèy la bon tou nan beny lavman pou medam yo jere bouboun yo.
Yo itilize jenjanm anmè a anpil pou trete fredi. Fòk nou di tou gen de kalite jenjanm : jenjanm anmè ak jenjanm dous. Yo chak gen espesyalite pa yo apa malgre yo pataje preske menm byenfè sou sante.
Fèy kachiman gen vitamin A, fè, fosfò ak anpil fib. Yo itilizel pou gonfleman, bakteri, vè, pou dyare, pwoblèm gastrik, li regle tranzit entestiinal byen. Li bon tou pou lafyèv, doulè rimatis, pye anfle, antòs, abse, doulè nan dan.
Yo itilize kadav gate kòm pafim pou kwape move zè, repouse vye lespri. Men gen anpil bagay noou ka fè ak kòs pyebwa kadav gate a tankou pa ekzanp tranpe nan gwòg kont pwazon. Nou ka mete l nan beny ak boutèy kòs tou.
Kalbas se yon plant ki fasil pou grandi, sa ki fè li aksesib pou anpil moun. Nan anpil kominote, li toujou jwe yon wòl enpòtan nan agrikilti ak nan ekonomi lokal la. Se yon egzanp klè sou kijan lanati ka sèvi kòm yon sous resous pou moun, pandan y ap montre richès kiltirèl ak tradisyonèl Ayiti. Kalbas se yon plant ki gen anpil itilizasyon nan kilti ak tradisyon Ayisyen. Anplis de sa li se yon eleman enpòtan nan atizana, kote yo itilize li pou fè divès objè, tankou veso, jwèt, ak lòt dekorasyon.
Nan tradisyon Tayino yo ki tap viv sou bout tè Ayiti ak lòt endyen ki te gen nan rejyon an, kalbas te gen yon siyifikasyon espesyal, li te sèvi kòm yon senbòl nan lavi chak jou yo. Yo te itilize li pou fè manje, pou bwè, ak pou fè rit ak seremoni. Yo te konn sèvi ak kalbas tou pou konbat refwadisman. Anplis de sa, engredyan ki anndan kalbas la, ki gen pwopriyete medsin, te itilize pou trete plizyè maladi, sa ki montre kijan plant sa a te enpòtan nan lavi yo. Jounen jodia nou sèvi ak engredyan ki anndan kalbas la pou trete kèk maladi moun konn gen sou po kò yo , lè yo pran kout solèy yo konn sèvi ak li tou.
Ni fèy ni kòs kanpèch la vrèman bon si ou konn kijan pou itilize li. Yo itilize li pou enflamasyon mikez ki nan ti entesten an. Li bon pou twoub gastro entestinal, pou dyare. Pou enfeksyon, pèt blanch. Pou bese lafyèv. Si ou blese ou ka itilize li pou sikatrize plè a. Li kanpe emoraji. Si ou fè antòs ou ka mare fèy la sou kote a epi ou ap jwenn soulajman.
Yo itilize li kòm afwodizyak nan boutèy kleren yo rele « tranpe bwa kochon an ». Li bay andirans e li ede gason ki gen pwoblèm libido yo.
Menm jan ak bwa kaka, bwa maskreti, bwa metsiyen beni, sèd, bwa kafe, briyòl, lobelia, yo itilize bwa pini pou kwape move zè ak vye lespri, lakou ki ante, pèsekisyon, lougawou, dyòk, giyon, elatriye.
Bwadchèn se yon gro remèd. Gen moun ki itilize kòs la pou ede yo ak maladi sik (dyabèt). Yo konn fè beny pou fanm ki fenk akouche avè l tou.
Amwaz se yon plant yo itilize depi plizyè syèk nan divès pratik medsin tradisyonèl. Men kèk nan benefis potansyèl li yo:
1. Pwopriyete dijestif : Yo souvan itilize amwaz pou soulaje pwoblèm dijestif, tankou gonfleman, gaz ak doulè vant fè mal. Li ka stimile apeti epi favorize dijesyon.
2. Konbat enflamasyon : Kèk etid sijere amwaz gen pwopriyete anti enflamatwa, sa ki ka ede diminye enflamasyon nan kò a.
3. Fòtifye sistèm defans: Amwaz ka ede konbat kèk bakteri ak chanpiyon, sa ki ka fè li tounen yon remèd natirèl pou kèk enfeksyon.
4. Jere dezòd manstriyèl : Nan medsin tradisyonèl, yo souvan itilize amwaz pou ede regle sik menstriyèl lakay fanm ak soulaje doulè règ yo.
5. Efè kalman : Yo itilize kèk varyete amwaz pou ede diminye anksyete ak strès lakay moun.
6. Antioksidan: Amwaz gen konpoze antioksidan ki ede neytalize radikal lib nan kò a, sa ki kontribye nan pwoteksyon selil nan kò a.
7. Itilizasyon nan aromatapi : Yo pafwa itilize lwil esansyèl amwaz nan aromatapi pou efè kalman ak relaksan li yo.
Anikòn se youn nan pi gwo plant ki gen pwopriyete antipwazon sou latè, li pa fasil pou jwenn li ; menm moun ki abitye ak fwi a pa toujou konnen pyebwa a paske se pa yon bagay ou jwenn fasilman.
Anikòn efikas kont doulè vant fè mal, menm lè doulè a te la depi lontan. Yo itilize li pou soulaje doulè règ, nan ka sa a yo konn fè yon enfizyon ak li epi bwè li. Yo konn itilize li pou trete ilsè gastrik.
Gous li yo long anpil, e anndan yo, ou jwenn grenn ki souvan gen fòm kè. Se poutèt sa yo rele li “heart-seed” (grenn kè). Li pa gate fasilman si ou pa ekspoze li a twòp imidite oswa
kote ki mouye. Ou ka kite l nan nenpòt kwen lakay ou, li ka dire plizyè ane, e ou ka itilize ti kal pa ti kal selon kantite ou bezwen an ou ap jis graje li.
Gen moun ki itilize l pou jan l fò e kwape vye enèji. Gen moun ki toujou gen 1 a 3 grenn nan pòch yo, konsa tou moun konn fè bijou ak li pou mete lakay yo ou pote sou yo.
Yo itilize asosi pou netwaye toksin ki gen nan kò a, li ede diminye sik nan san an, presyon san, ede ak pwoblèm dijestif, epi tou touye parazit oswa vè.
Chikchik bon pou enfeksyon. Yo konn fè beny pou fanm ki fenk akouche avè l tou.
Ekaliptis ede konbat grip, rim, tous. Li ede tou ak dyabèt, malarya, pwoblèm fwa ak sinizit (Ou ka fè vapè ak fèy la toufe). Li efikas anpil pou bwonchit ak opresyon e li netwaye vwa respiratwa yo pwòp. Li jere doulè lestomak; se youn nan mèt plant ki ap ba ou bon rezilta si w ap lite ak maladi sinizit. Li ede pirifye san , restore kò ak elimine strès.
Te fèy gwayav kapab ede’w trete bwonch ak tous. Lè li melanje ak fèy kowosòl, li netwaye matris la, nan sans sa a li bon pou moun ki gen ni fibwòm ni kis epi li ede debouche twonp yo; li ede kont kansè men kansè matris espesyalman. Te fèy gwayav ogmante fètilite lakay gason , li asire kwasans espèmatozoyid yo si tout fwa gason an gen espèm fèb.
Si’w gen kolik, ou gen dyare ou bwè te fèy gwayav oswa manje kèlke gwayav ou ji gwayav lap sere’w rapid. Lè ou bouyi fèy gwayav epi lave bouboun ou ak li, li pèmèt bouboun ou retresi, li sere bouboun ou. Si’w gen asid (Ilsè lestomak) sa nou rele lestomak boule a : Ou kapab pran kèlke tigwayav ki fèk kale, souse po’a , kraze yo anba dan ou, bwè ji a, asid la ap disparèt byen rapid. Té gwayav gen anpil benefis nan swen cheve tou e li ede konbat chit (cheve k’ap kase).